Tele Fondman

Tele Fondman

Televizyon majorite Ayisyen. An nou vote li anlè.

Bon Jan Amizman

Nou se yon fanmi ki mete tèt nou ansanm pou n travay pote kè kontan ak tout kalite amizman pou pèp ki pale, li, e ekri lang kreyòl la. Ak panse sa a, n ap mande pou fè nou konnen ki sa ou ta renmen pou nou pote pou ou. Kòm provèb ayisyen an di, yon sèl dwèt pa bwè gonbo. An nou kole zepòl nou pou n voye lang kreyòl la ak kilti nou moute. Se nou ki pou fè l, pèsonn p ap vin fè l pou nou . An nou mete tèt nou ansanm.

Bon jan programasyon ak tout kalite sho ki pou fè kè nou kontan e mete lajwa nan kè n.

Nou pote kout kalite sho ak amizman pou ou. Nou espere satisfè ou nan tout fason. Si ou gen yon program ou ta vle nou pase, ekri nou. Tanpri souple n ap mande ou pou w fè l ak respè. N ap apresye sa anpil. N ap prepare manje pou noumenm e pou jenerasyon k ap vini dèyè nou an jwenn pou yo pa rete grangou.

Ekri Nou Souple

Byenvini nan tele Fondman, tele pa w la. Gen amizman pou tout moun, ke ou rich oubyen pòv, filozòf ou pa fò nan entèlèktyèl la, po wouj ou po nwa. Ke ou te fèt lavil ou andeyò, depi ou pale, li, e ekri kreyòl, tele sa a se pou ou. Menm si ou pa li e ekri lang kreyòl la, depi ou pale l, tande l, e konprann li, tele sa a se pou ou.